11 October 2012

Mwen anvi konnen kisa nou panse


Zanmi pam yo kouman nou ye? Nou sonje depi premye jou mwen te ekri sou blog mwen an, m te poze nou yon kesyon sou kisa CLUB99 lan ye? Ebyen men mwen pote repons lan pou nou nan Poster sa a. En passant, m ta byen renmen konnen kisa n panse de poster ya. Kisa li aprann nou? Dim tou ki kòmantè nou gen sou adisyon ki anba l la. 
M ap tounen très bientôt pou m wè sa nou kite pou mwen. Men m gen koze pou nou! rete tann mwen.
Male....






22 June 2012

Pran feeling nou...men ak tèt frèt !!

M ta renmen komanse dezyèm antre sou blog mwen an ak on gwo mesi ba nou, ti misye. Te gen plizye moun ki te voye’m kèk konsey ak kèk ti mo ankourajman et sa te fè’m on gwo plezi ! Ça fait du bien, tande k m pa pou kont mwen ak chagrin d’amour mwen.

Kounye-a fòk mwen eksplike nou poukisa m pa t ekri ankò depi yon mwa. Ebyen, te gen yon lòt bagay ki ta p boulvèse m… En fait, je viens de faire une belle bêtise, mes amis. Ah ouais yon kokenn chenn betiz ki te ka koute’m bon sante mwen. Ban’m rakonte nou :

Gwo vandredi swa, m pral chache yon ti plezi nan lari a. M te pase chache Julien, on ti tonton ke anpil mesye HARSAH apresye paske li ankouraje yo pou yo fidèl ak kapòt epi librifyan yo. Se yon bon zanmi mwen li ye.

Kòm nou pat gen pwogram , mwen tou pwofite envite li pran yon byè. Se konsa nou rive nan restoran an. Pwogram nan te on ti jan raz, alò nou deside ale nan yon club lan Petion-Ville. Se youn nan pi bèl trip mwen fè nan vi m, tellement mwen danse, mwen bwè. Pou yon moman, m te panse m rive kite chagrin d’amour-mwen dèyè do’m, telman kè’m te kontan !

Nan demen maten, douvanjou, je’m klè, se nan moman sa m’ap rann mwen kont ke mwen nan kabann yon gason – Un chef-d’œuvre !, byen portant, yon milat ki abite Laboule. Li rele Fabrice. Se tout sa’m te rive aprann sou li aprè nou te finn fè yon ti pale. Nan moman’m reveye, m’pat sonje ANYEN ! Epi m pran yon lòt chòk : mwen wè yon sachè kapòt ak yon ti sachè librifyan a tè a, akote kabann lan. Kapòt-la pat ouvri!! Alò kisa nou ta panse nan sityasyon sa-a ? Mwen-menm, vant mwen te vin frèt, paske’m te kwè’m fè bagay ak Fabrice san kapòt – et sak pi rèd la m’pat menm ka rive sonje kisa’k te pase nan nwit sa a! M pap ban nou manti ti misye, mwen te santi m wont anpil epi m te bon jan panike. M priye Bondye pou l fè m disparèt. Sa pat janm rive, ke’m te fè bagay san kapòt. M toujou klè sou sa: san kapòt anyen menm! Gen trop maladi ou ka pran nan sa…

Pou’m pataje soulajman’m avè nou : Lè Fabrice avè’m finn pale, li rakonte’m ke nou pat fè bagay vreman. Ouf !!! Li di’m tou ke mwen pa stil de gason ke li renmen yo. Bon, mwen te santi’m yon jan nève jan li te refize’m nan, komsi se mwen ki te manke yon bagay. Nou konnen, konfyans m te genyen nan tèt mwen te deja kraze aprè eksperyans m te finn fè ak ansyen mennaj mwen ki te kite’m. Alò sa Fabrice di’m lan pat ede m ditou. Men sa ki pi enpòtan pou mwen, se m pat neglije pwoteje tèt mwen. Fwa sa m te gen anpil chans. Pwochen fwa ma bwè mwens… epi danse plis ! Konsa, si’m rive jwenn yon bèl gason tankou Fabrice, m ka si anvan menm nou pase à l’action l ap gen tan konnen si se nèg pa l lan m ye. Epi menm bagay la pou mwen-menm tou !

Eksperyans sa a rete yon move souveni na tet mwen kanmenm… alò anvan mwen kite nou, banm poze nou kèk kesyon : Eske n ap kwé yon moun ka rive fè bagay ak yon moun ki pa stil li ? Sa rive nou deja ? Kijan nou fè pran feeling ? Mwen ta renmen konnen ti misye...

Map vire wi la…..Map tounen!

21 May 2012

Pran Feeling Nou!


An 2010, aprè goudougoudou a, mwen te jwenn yon moun ki te fè m bliye pwoblèm peyi a. Li te ede m chanje jan mwen tap viv anvan, sa ki fè ke mwen te sispann mache fè bagay a gòch a dwat…bèl gason, sexy ak fre pase li pa genyen. Siman nou rankontre oswa li menm  oswa yon moun tankou’l deja…. Men bagay yo pase mal epi nou te oblije fè on ti poze. 

Separasyon sa a te difisil anpil pou mwen. Sak pi di a, se lè w panse’w jwenn moun bondye fè espesyalman pou ou a epi se pa sa…Ki moun ki pral banm konsèy pou ede'm bliye’l oswa tounen av’l? Mwen pako janm ka jwenn repons pou kesyon sa yo....

Ce mec m’a vraiment brisé le cœur, tellement que j’ai même voulu me retirer du monde... 
Nou konnen kijan bagay sa yo ka domine nou, jwe nan tèt nou, pa vre ? Mwen te pran distans mwen ak tout moun, mwen te soufri anpil, mwen pat janm rive ka reyalize sak fè’m plezi vrèman. 
Mais j'ai fini par comprendre très tard que la solitude n'arrange pas les choses et ne résout pas vraiment nos problèmes de tous les jours, okontrè li agrave yo. 
Mwen bezwen pale. Fòk nou pale wi, ti mesye ! Ke’w se dereyal, bougalong bredjenn, aktif, pasif, versatil, fòk nou jwenn yon kote pou’n libere konsyans nou ! Se pou sa mwen kreye blog sa’a : pou’m fè rankont avèk lot HARSAH…Pou’m pale avèk yo, pou’m eseye tande yo paske nan moman difisil mwen ap travèse a, mwen bezwen konfye’m a lòt moun ki ka banm konsèy, pale ak mwen, ki ka ede’m pase etap difisil sa a. 
Mwen ka di ke m byen kanpe e... se siman sa ki fè  ke m jwenn anpil nèg tcheke m...Men nou konnen, apre kou m fin pran an, m vin très exigeant!
Mwen sûr ke anpil nan nou, anvi konn ki egzijans mwen fè.... E byen poze’m kesyon ! Sèl sa mwen ka di w kounye a, c'est que je suis très intéressé par ce que font les HARSAH... sitou an Ayiti. Men fòk mwen ale wi la…. Map tounen sou nou !!!!