M ta renmen komanse dezyèm antre sou blog mwen an ak on gwo mesi ba nou, ti misye. Te gen plizye moun ki te voye’m kèk konsey ak kèk ti mo ankourajman et sa te fè’m on gwo plezi ! Ça fait du bien, tande k m pa pou kont mwen ak chagrin d’amour mwen.
Kounye-a fòk mwen eksplike nou poukisa m pa t ekri ankò depi yon mwa. Ebyen, te gen yon lòt bagay ki ta p boulvèse m… En fait, je viens de faire une belle bêtise, mes amis. Ah ouais yon kokenn chenn betiz ki te ka koute’m bon sante mwen. Ban’m rakonte nou :
Gwo vandredi swa, m pral chache yon ti plezi nan lari a. M te pase chache Julien, on ti tonton ke anpil mesye HARSAH apresye paske li ankouraje yo pou yo fidèl ak kapòt epi librifyan yo. Se yon bon zanmi mwen li ye.
Kòm nou pat gen pwogram , mwen tou pwofite envite li pran yon byè. Se konsa nou rive nan restoran an. Pwogram nan te on ti jan raz, alò nou deside ale nan yon club lan Petion-Ville. Se youn nan pi bèl trip mwen fè nan vi m, tellement mwen danse, mwen bwè. Pou yon moman, m te panse m rive kite chagrin d’amour-mwen dèyè do’m, telman kè’m te kontan !
Nan demen maten, douvanjou, je’m klè, se nan moman sa m’ap rann mwen kont ke mwen nan kabann yon gason – Un chef-d’œuvre !, byen portant, yon milat ki abite Laboule. Li rele Fabrice. Se tout sa’m te rive aprann sou li aprè nou te finn fè yon ti pale. Nan moman’m reveye, m’pat sonje ANYEN ! Epi m pran yon lòt chòk : mwen wè yon sachè kapòt ak yon ti sachè librifyan a tè a, akote kabann lan. Kapòt-la pat ouvri!! Alò kisa nou ta panse nan sityasyon sa-a ? Mwen-menm, vant mwen te vin frèt, paske’m te kwè’m fè bagay ak Fabrice san kapòt – et sak pi rèd la m’pat menm ka rive sonje kisa’k te pase nan nwit sa a! M pap ban nou manti ti misye, mwen te santi m wont anpil epi m te bon jan panike. M priye Bondye pou l fè m disparèt. Sa pat janm rive, ke’m te fè bagay san kapòt. M toujou klè sou sa: san kapòt anyen menm! Gen trop maladi ou ka pran nan sa…
Pou’m pataje soulajman’m avè nou : Lè Fabrice avè’m finn pale, li rakonte’m ke nou pat fè bagay vreman. Ouf !!! Li di’m tou ke mwen pa stil de gason ke li renmen yo. Bon, mwen te santi’m yon jan nève jan li te refize’m nan, komsi se mwen ki te manke yon bagay. Nou konnen, konfyans m te genyen nan tèt mwen te deja kraze aprè eksperyans m te finn fè ak ansyen mennaj mwen ki te kite’m. Alò sa Fabrice di’m lan pat ede m ditou. Men sa ki pi enpòtan pou mwen, se m pat neglije pwoteje tèt mwen. Fwa sa m te gen anpil chans. Pwochen fwa ma bwè mwens… epi danse plis ! Konsa, si’m rive jwenn yon bèl gason tankou Fabrice, m ka si anvan menm nou pase à l’action l ap gen tan konnen si se nèg pa l lan m ye. Epi menm bagay la pou mwen-menm tou !
Eksperyans sa a rete yon move souveni na tet mwen kanmenm… alò anvan mwen kite nou, banm poze nou kèk kesyon : Eske n ap kwé yon moun ka rive fè bagay ak yon moun ki pa stil li ? Sa rive nou deja ? Kijan nou fè pran feeling ? Mwen ta renmen konnen ti misye...
Map vire wi la…..Map tounen!