An 2010, aprè goudougoudou a, mwen te jwenn yon moun ki te fè m bliye pwoblèm peyi a. Li te ede m chanje jan mwen tap viv anvan, sa ki fè ke mwen te sispann mache fè bagay a gòch a dwat…bèl gason, sexy ak fre pase li pa genyen. Siman nou rankontre oswa li menm oswa yon moun tankou’l deja…. Men bagay yo pase mal epi nou te oblije fè on ti poze.
Separasyon sa a te difisil anpil pou mwen. Sak pi di a, se lè w panse’w jwenn moun bondye fè espesyalman pou ou a epi se pa sa…Ki moun ki pral banm konsèy pou ede'm bliye’l oswa tounen av’l? Mwen pako janm ka jwenn repons pou kesyon sa yo....
Ce mec m’a vraiment brisé le cœur, tellement que j’ai même voulu me retirer du monde...
Nou konnen kijan bagay sa yo ka domine nou, jwe nan tèt nou, pa vre ? Mwen te pran distans mwen ak tout moun, mwen te soufri anpil, mwen pat janm rive ka reyalize sak fè’m plezi vrèman.
Mais j'ai fini par comprendre très tard que la solitude n'arrange pas les choses et ne résout pas vraiment nos problèmes de tous les jours, okontrè li agrave yo.
Mwen bezwen pale. Fòk nou pale wi, ti mesye ! Ke’w se dereyal, bougalong bredjenn, aktif, pasif, versatil, fòk nou jwenn yon kote pou’n libere konsyans nou ! Se pou sa mwen kreye blog sa’a : pou’m fè rankont avèk lot HARSAH…Pou’m pale avèk yo, pou’m eseye tande yo paske nan moman difisil mwen ap travèse a, mwen bezwen konfye’m a lòt moun ki ka banm konsèy, pale ak mwen, ki ka ede’m pase etap difisil sa a.
Mwen ka di ke m byen kanpe e... se siman sa ki fè ke m jwenn anpil nèg tcheke m...Men nou konnen, apre kou m fin pran an, m vin très exigeant!
Mwen sûr ke anpil nan nou, anvi konn ki egzijans mwen fè.... E byen poze’m kesyon ! Sèl sa mwen ka di w kounye a, c'est que je suis très intéressé par ce que font les HARSAH... sitou an Ayiti. Men fòk mwen ale wi la…. Map tounen sou nou !!!!
tres bien comme exemple et j'espere que ceux qui l'auront lus en feront bon usage
ReplyDeletej'adore mes compliments
ReplyDeleteHi Ricky
ReplyDeletec joli comme blog
ReplyDelete